Nan peyi DayitiHaïti Progrès
19 au 25 Juillet 2000
Sa k ap pase nan KokiyoNan nòdès Pòtoprens, sou limit Dèlma, gen yon katye popilè ki gen plizyè milye abitan, ki pote non Kokiyo. Li chita nan yon bafon, se donk pasaj pou tout dlo k ap degingole sòti Nazon, Kriswa, Dèlma 30, elatriye. Li plase ant Dèlma e Pòtoprens. Pati nò Kokiyo bay sou katye Solino ak Dèlma 24, blòk sid li debouche sou zòn Kabann kreyòl, blòk pwolonjman ri Estime. Zòn lwès li nan pwent ri Sen Maten pwolonje ak Solino. Pati lès li debouche sou wout Nazon, anfas Dèlma 30.
Gen plizyè santèn kay nan katye sa a, kote gen anviwon 6 moun nan chak ti kay. Gen ladan kay yo ki yon ti jan pasab, sitou nan mitan Kokiyo. Ravin lan koupe l lan mitan e nan bafon an tout dlo vin tonbe ladan li. Divès ti kay kraze, oubyen abandone, akoz, selon Pierre Michel: «Tè a plat, tout dlo ki sot lòt kote anvayi nou. Lè lapli tonbe tou, kòm ou wè nou nan bafon, dlo a rete dòmi. Anplis, zòn lan chaje sous pasi pala...». Tout sòt kay yo gen yon domaj ke Josil ap eksplike: «Sous yo pete mi sòl yo, dlo a pèse. Lè sa a mi an vin pa solid nan kay la. Pou yon moun fè sòl yon kay bò isit la, li ta sipoze fouye fondasyon an ak yon mèt. Pou pèmèt kay la pa tonbe, pou l ka rete solid.» Dapre bòs Ertilus: «Ou dwe bay yon premye kouch glasi, apre sa, ou bay dezyèm kouch la. Lè sa a, anpil lajan depanse.» Chak kote yon moun pase nan katye a, gen swa sous ki pete, oswa yon ma dlo. «Marengwen, limon, ak divès lòt bèt ki renmen limidite ap touye n bò isit la», se sa yon jenn ki rele Marie-Linda t ap di. Yon lòt bò se divès ti rigòl ak kannal ki dekoupe Kokiyo a k ap bay pwoblèm. Akote dlo ti rigòl yo kenbe a, yo kenbe fatra tou, se pa pale!
Ti kay pil sou pil nan katye sa a. Gwo kay yo mal konstwi. Anpil kay kraze abandonne pou divès rezon. Fatra, malpwòpte fè yon sèl ak divès nan yo. Chérestal, yon abitan di nou: «Zafè lasante se liks. Lontan, lè yon moun gen lafyèv, grip, tèt fè mal ak kèk lòt ti maladi, ou te konn al nan sant Solan oubyen nan sant sante Dèlma 30 la, kounye a bagay yo vin chè, e lopital yo fin kraze...» Anpil moun pa konn li pa konn ekri, pa gen yon lekòl ki merite non an nan blòk la. Moun ka remake yon ti lekòl primè nan zòn mache Kokiyo a, ki pa kapab, sou tout pwen, pou resevwa tout timoun zòn lan.
Keksyon telefòn, elektrisite, dlo tiyo, se bliye sa: «Kouran, se pa ti konn gout nou jwenn sa», te di Claudy.
Kokiyo chaje ak ti koridò dekoupe, men li gen divès riyèl tou, ki debouche sou divès lòt zòn alantou yo. Men wout sa yo fèt an tè. Sòf wout ri Sen Maten pwolonje a ki jis sou deyò.
Sa moun Kokiyo ap tann?
Fas ak pwoblèm tout sòt y ap konfwonte, jenn nan zòn lan, plizyè lòt moun, reflechi sou sò yo. Yon jenn, Paulin, k ap fè segond espere «ke Leta ta panse a nou. Mete lekòl klasik e pwofesyonèl, pou ta sèvi Kokiyo, Solino, Ti Cheri, Site Batis. Ban nou dlo, kouran, telefòn. Mete distraksyon nan zòn lan pou nou. Sa ta ede, sitou jenn ki nan chomaj yo», e gen anpil, pou n pa di pifò nan chomaj. Yvette, yon ti machann kenkay nan mache a kwè ke «... si yo ta konstwi yon mache la a pou nou, oubyen yo ta fè yon mache pa lwen zòn lan pou nou, sa ta satisfè nou». Pifò mache a se sou yon wout ki dekoupe Kokiyo li ye. Basette, ki se pwopriyetè yon kay nan zòn lan gen lespwa e li t ap di: « Leta va resi pran responsabilite l pou ede nou sòti nan mizè, salte kote nou ye a...», pwoblèm fatra, lavi chè, analfabetis, zafè kay pil sou pil, latrin nan move kondisyon, marengwen, moustik toupatou, lwaye kay ki byen chè... Moun Kokiyo ap tann otorite yo di yon mo menm si bò pa yo yo ap mete efò pa yo!