Haïti Progrès
July  12 - 18   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Sèvis Plis pral anboche elèv

Pou yon pwogram 2 mwa ki pou koumanse dimanch 9 jiyè pandan vakans la, responsab konpayi Sèvis Plis la Duclos Benissoit, anonse yo pral anboche 150 elèv lekòl, ki ap kapab travay pandan 8 dimanch, pou 1200 goud. Responsab la di li te kontakte divès lekòl piblik e ap gen yon fòmasyon espesyal pou bay elèv yo.
 

Gantye: vis prezidan BEK la al viv Kanada

Vis prezidan BEK Gantye a, madan Yvelise Falaise kite pòs li te okipe a depi prèske 3 semenn. Moun sa yo rele opozisyon an ta vle fè konprann se yon protestasyon madanm lan ta vle fè, men selon paran li se moman Madan Falaise ki rive pou li emigre nèt al viv Kanada. Bò kote pa yo, rès manm BEK Gantye a di madanm lan pat kontakte yo depi 2 semenn, se sa ki fè yo pa ka konfime depa vis prezidan an. Men yo eksplike ke sa pap gen gwo konsekans sou rès pwosesis elektoral la.
 

Gérard Blot ap blofe

12 kandida nan Latibonite di yo wete kò yo nan eleksyon yo, kidonk yo pap patisipe nan dezyèm tou a, ki dwe fèt dimanch 9 jiyè a. Pami kandida sa yo, moun jwenn doktè Camille Cantave, ki te parèt sou banyè Tèt ansanm pou sove Ayiti, pati Gérald Blot a. Gérard Blot declare: «KEP la, se yon KEP nou konsidere kòm kraze… Lòt bagay, eleksyon sa yo ki sot fèt nan premye tou a yo, fèt pandan 1 milyon bilten disparèt, polis mete nan pwosesis la, yon seri fo pwosè vèbal ki vin rantre nan jwèt la, e sa se prezidan KEP la li menm ki denonse keksyon sa yo... Donk, ou pa gen okenn garanti nan dezyèm tou sa yo». Se chantaj ak blof Gérard Blot ap fè paske majorite kandida li yo li di ki rale kò yo a pa menm an balotaj, donk yo pa te menm gen pou yo patisipe nan 2zyèm tou a, donk yo pa rale kò yo.
 

Dilè dwòg met Aken tèt anba

Yon gwoup 24 dilè dwòg mete dife nan 84 ti kay nan Moriso, seksyon kominal Aken, nan wikenn pase anwo a. Premye bri ki te kouri a, te fè kwè se manm Lafanmi ki te nan diskisyon ak manm Espas nan zòn lan. Men responsab lapolis depatman Sid la, Rubens Saint-Germain te demanti sa. E li te presise ke chèf gang lan te akize moun zòn nan kòmkwa se yo ki ta ede lapolis sezi 16 kilo kokayin ak 4 mil 988 goud lakay yon sèten Marc Donald Louis. Se pou rezon sa a yo te met dife nan zòn lan, toujou dapre responsab lapolis la. «... Msye (chèf gang lan) li menm, kounye a la a akize moun Morison kòm moun ki ta bay lapolis enfòmasyon, e se sou baz sa amisye monte yon gang ki gen 24 moun. Msye antre Moriso li boule 84 ti kay...»
 

Sezi dwòg nan ayewopò

Lendi 3 jiyè a, nan lapre midi vè 5 kè, ajan dwanye ayewopò Mayi gate yo, sezi 5 kilo kokayin nan bagaj yon pasaje ki rele Jacques Nazaire ki te rantre nan yon vòl ALM ki te sòt dirèk Kiraso.

Haïti Progrès      |  ARCHIVES