Haïti Progrès
14 - 20  June  2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl kout Nò
 

Militè meriken anvayi depatman Nò a

Nan finisman mwa pase a, plis pase 200 militè meriken debake nan depatman an sou pretèks dezyèm faz pwogram «Nouvo Horizon» ki te kòmanse ak premye debakman nan mwa janvye kote pèsonn otorite pat menm okouran pwogram sa a. Militè meriken sa yo soti Porto Rico kote abitan zile Vieques te mobilize pou fòse gouvènman meriken leve baz militè ki enstale nan zòn sa.

Nan yon konferans pou laprès nan otèl MonJoli, Okap, kolonèl ameriken an John Counter te declare ke objektif antrènman sa yo se pou pèfeksyone militè meriken nan domèn sante, pou fè zèv imanitè ak pou travay sivik, konstwi klinik dantè. Si antrènman sa yo John Counter ap pale a te bon konsa pou ti peyi, poukisa abitan Porto-Rico te bezwen manifeste pou fòse gouvènman meriken leve kan antrenman nan zile Vieques. Chèf Komisyon kominal Okap la Claude Péan ki te al bay gras a debakman militè meriken an pemèt li konpare travay militè yo ak travay koperasyon Kiba. N ap mande majistra Claude Péan: èske li konn wè doktè kiben yo pote inifòm ak zam nan tout lari?

Antouka pwogram "Nouvo Horizon" sa ki koute 5 milyon dola meriken sanble yon fason pou militè meriken tabli kan antrenman nan depatman an. Nan mwens pase 2 semèn, militè meriken yo deja tabli baz nan plizyè lokalite tankou Okap, Monben Latay, Madlin, etc. Moun ka konstate pandan lannwit, anpil monte desann kote militè yo ap transpòte gwo materyèl lou ki pa gen anyen pou wè ak materyèl pou konstriksyon klinik. Fòk minis Enteryè a Jacques Edouard Alexis pa pran tan pou bay eksplikasyon sou prezans militè meriken ki vle fè depatman an tounen yon dezyèm zile Vieques.
 

Plezans: Yon epidemi lafyèv

Lapli k ap tonbe, aprè plizyè mwa sechrès, nan Plezans kite yon epidemi lafyèv nan mitan popilasyon an. Moun ki deja pran maladi sa a gen gwo sentòm doulè tankou vomisman, toudisman, dyare ak senti fè mal. Sa ki pi grav, pa gen lopital: se senpleman 1 dispansè ak 3 doktè volontè kiben ki malerezman pa menm jwenn tout materyèl pou travay. N ap raple avan rive doktè kiben yo, zòn sa ki gen yon popilasyon anviwon 63 mil abitan pat gen okenn doktè depi plis pase 3 zan.
 

Nofraj yon bato

Samdi 27 me yon ti bato ki soti Ayiti koule nan fon lanmè zòn tou pre Providential, bato sa ki t ap transpòte Ayisyen te kite lanmè Okap jedi 25 me pase a. Pwopriyetè a se yon sèten Maurice. Jis kounye a pa gen pèsonn ki konnen konbyen moun ki te nan bato a, men se yon sèl ki ta rive chape.
 
 

Nouvèl Nòdès
 

Montòganize: BEK la boule

Lendi 23 me pase a, bandi mete dife nan lokal BEK Montòganize a, plizyè manm pati Fanmi Lavalas jwenn arestasyon yo nan kad yon ankèt. Pami yo gen kandida Fanmi Lavalas pou pòs majistra Jacques Gabriel ak Nichodem. Yo te transfere yo nan Komisarya Fò Libète. Plizyè patizan ak senpatizan Fanmi Lavalas te mase yo devan Komisarya Fò Libète a pou mande liberasyon kandida ak konpayèl li yo.
 

Twou di Nò: Yon epidemi lafyèv

Yon epidemi lafyèv tonbe sou popilasyon Twou di Nò. Depi kèk jou timoun kou granmoun pa epaye, plizyè moun gentan mouri. Fenomèn lafyèv sa pi grav sitou nan lokalite Ravin ki gen yon seri twou dlo kote kochon ap benyen nan labou ak fatra. Popilasyon an mande pou depatman Sante piblik entèvni prese prese anvan tout moun zòn sa fin deperi.
 

Twou di Nò: diskisyon nan lekòl Frè

Lendi 30 me pase a, gwo diskisyon te mete pye nan lekòl Frè Twou di Nò a ant pè pawas la Anès Angran ak direktè lekòl sa Pierre Mangira ki te jwenn lèt transfè pou lekòl nasyonal Dubuisson. Depi kèk mwa Anel t ap mande direktè Mangira pou kite etablisman an. Pandan nouvèl sa a tonbe, plizyè dizèn manman ak papa pitit te boude desizyon sa poutèt mèt Pierre anseye trè byen nan klas sètifika, gwo rimè t ap sikile kòmkwa yo pral mete dife kay pè a. Lapolis te pran dispozisyon pou anpeche dega.

Haïti Progrès      |    ARCHIVES