Nan peyi DayitiHaïti Progrès
7 - 13 June 2000
ELEKSYON 21 ME:
Ki vrè misyon Orlando Marville?Chèf misyon elektoral la, Orlando Marville ekri prezidan KEP la, Léon Manus, yon lèt pou siyale l avèk awogans: «Yon revizyon rezilta KEP la te pibliye, e an patikilye pousantaj konsènan kandida ki ann avans nan Sena yo, revele yon erè grav ki gen konsekans sou valè syèj ki ranpli nan premye tou a.» Se sa Marville ekri e li te di li refere li a atik 53 ak 64 lwa elektoral la.
Daprè chèf misyon obsèvatè OEA a, kidonk Orlando Marville, atik sa yo di klè: «Pou w eli nan palman an depi premye tou, fòk ou gen grann majorite, sou total vòt ki bon yo...» Marville montre fòk KEP la ta fè kalkil grann majorite a sou tout vòt ki bon yo an jeneral, men se pa senpman sou vòt premye kandida antèt yo. Paske Marville di KEP la pa anvizaje pran grann majorite a sou tout ansanm vòt valab yo, men selon kalkil la, se sou valè vòt kandida antèt yo ke yo fè direksyon operasyon elektoral nan KEP la konte pousantaj pou chak kandida yo. Se sa k esplike, dapre chèf Marville, tout kandida Fanmi lavalas sa yo, ki nan nonb 16 senatè, pase depi premye tou a. Malgre tou, chèf misyon an rekonnèt gen 9 kandida Sena Fanmi lavalas ki t ap pase depi premye tou, lòt 7 yo ta va al nan dezyèm tou ak rès kandida ki an balotaj yo.
Orlando Marville te pran ekzanp yon kandida Sena Fanmi Lavalas ki eli nan premye tou ak 72% vòt la, selon kalkil KEP la; e mesye di si kalkil la te fèt jan lwa elektoral la prevwa sa, se 24% kandida a t ap fè, nòmalman. Nan menm lèt sa a, Marville te pase yon lòd fòmèl: «Nou ap voye enfòmasyon sa a bay prezidan repiblik la, pandan n ap tann yon koreksyon rapid nan sitiyasyon sa a, selon sa ki di nan lwa elektoral la». Eske se wòl ak misyon yon obsèvatè? Antouka, nan Espas konsètasyon ak kèk lòt ti gwoup politik nan Gwoup konvèjans lan, te kore aksyon awogan li an, nan zafè politik anndan peyi Dayiti. «Pran lèt OEA a, voye bay prezidan Konsèy elektoral la, mesye Lòn Manus, pou rann nou kont tout sa opozisyon an t ap di sou maskarad elektoral la se laverite...», se pawòl Claude Roumain, ki pa t rete san repons.
Fanmi Lavalas pou bò pa l, pa vwa pòtpawòl li, senatè Yvon Neptune, di l pa gen pou wè ak lèt Orlando Marville ki se reprezantan OEA, ekri prezidan KEP la paske «... se pa premye fwa eleksyon ap fè anndan peyi a, se pa premye fwa Konsèy elektoral ap konte bilten... e sou baz kalkil sa yo li bay yon seri rezilta ofisyèl...»
Oganizasyon popilè ak peyizan yo pa t rete bouch koud. Divès reyaksyon ak manifestasyon te fè laktyalite. Charles Suffra nan KOZEPEP twouve «... OEA al twò lwen...», paske «... jounen 21 an... tout moun wè l, konstate li, se pèp la menm ki eksprime li menm santiman li, li al vote...». Kòdinasyon òganizasyon Sen Jan Bosko, nan yon konferans pou laprès, kritike enjerans Orlando Marville la, nan zafè politik peyi a. E li deklare «Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann, Fanmi Lavalas ak pèp ayisyen an, kanpe rèd kont tout enjerans nan zafè politik peyi Dayiti». Kòdinasyon an te kontinye pou di: «Nou twouve pozisyon msye Donald Steinberg, reprezantan depatman deta, msye Orlando Marville, chèf misyon obsèvasyon OEA, ak msye David Lee, reprezantan Kanada a, se yon domaj grav ak souvrennte peyi Dayiti... N ap di kolon sa yo, nèg tankou blan... atansyon, pa kite pèp la revòlte yon lòt fwa ankò!». ML ki se Mouvman Lespwa ale nan menm sans ak Kòdinasyon Sen Jan Bosko, pou kritike pozisyon gouvènman meriken ak gouvènman kanadyen pran sou zafè eleksyon 21 me yo. Kòm ekzijans, Mouvman Lespwa mande: «Konsèy elektoral la pou l ranmase karaktè l. Pou l pibliye prese prese, rezilta definitif premye tou a. Pou tout 16 senatè eli lavalas yo figire nan lis rezilta definitf la?
Seri reyaksyon ak lòt chobiz Orlando Marville la, pa t rete senpman nan nivo Fanmi Lavalas ak òganizasyon popilè yo. Anvan menm reyaksyon ofisyèl KEP la, divès manm enstitisyon sa a voye jete byen lwen remak lèt Marvile la yo. Direktè operasyon elektroal la yo nan KEP la, Luciano Pharaon, deklare: « Se menm metòd kalkil sa a ki te itilize an 1990, 1995, 1997, tout moun te aksepte li. M pa wè ki pwoblèm yo gen la a fwa sa a, si se pa yon fo pwoblèm, yo genyen yon lòt bagay yo bezwen». Petèt olye yo te vinn obsève eleksyon 21 me a yo, kòm reprezantan misyon OEA a, se yon lòt misyon dwòl li te vin akonpli pou meriken, nan enterè Gwoup konvèjasn lan. Piske, lajounen jodi li tounen avoka Espas, MPSN ak OPL.
Macajoux Médard ki responsab relasyon piblik KEP la deklare ke enstitisyon elektoral la pa prèt pou resevwa lòd nan men pyès moun, blan ou nwa. Responsab KEP la te kalifye reyaksyon anbasadè e chèf obsèvatè OEA, Marville, kòm: «yon souflèt pou nasyon an...». Men deklaraston flanm Macajoux a pat anpeche l pran san l e pran tan l pou eksplike. «... Konstitisyon an te prevwa mòd kalkil sa yo yon grenn fwa, paske nòmalman ou ta sipoze chak fwa gen yon eleksyon pa ekzanp pou senatè ke w genyen yon grenn senatè pou chak depatman, men kòm nou konnen depi lontan eleksyon yo pa janm ka fèt, se poutèt sa, chak fwa nou vin retwouve nou avèk 2 ou 3 senatè. Kounye a, si w aplike yon kalkil senp,ou pral rive nan yon tan, kote ou pap janm kapab depataje vwa yo, sa ki fè w ap fè 12 eleksyon, ou pap janm depataje yo. Donk, nou vini ak yon teknik, m di w ke aplike depi 1990. Kote yo pran vwa moun ki pi byen reprezante yo; yo fè kalkil la apati sa. Si pa ekzanp, se nan yon kote (depatman) ki gen 2 senatè, yo divize l pa 2, si se yon kote ki gen 3 senatè, yo divize l pa 3». Konsa konseye Médard te eksplike pwosede KEP la itilize ou kalkile pousantaj vwa yo, ki fè kandida o Sena, ki an dezyèm pozisyon Fanmi lavalas la yo, tou bon, depi nan premye tou eleksyon yo. Nan lèt ofisyèl Léon Manus reponn Orlando Marville la, mouche di: «... Mwen konsidere, lè yon obsèvatè etranje, pibliye nan laprès ann Ayiti, yon lèt ki kritie ouvètman - yon enstitisyon peyi a (mwen vle pale de KEP la), kòm yon zak enjerans».
An gwo pozisyon Orlando Marville la, ki te mennen divès pozisyon «peyi lennmi» Ayiti yo dèyè l, te jwenn repons e Fanmi Lavalas e òganizasyon popilè ak patizan lavalas la yo e responsab KEP la. Konpòtman chèf misyon an, ensistans li montre aklè, misyon OEA te di l vin fè a, se pa li l te vin fè reyèlman. Olye Marville te vin obsève eleksyon, li te vin pase lòd sitou.