Nan peyi DayitiHaïti Progrès
31 Me o 6 Jen 2000
Nouvèl Kout Kreyòl
Se pou nou yo tonbe nan leve yo, na leve yo
2 me 1969, Yanick Rigaud tonbe anba zam machann lanmò yo. 31 lane apre nou pa bliye militan konsekan sa a. Yanick Rigaud te lekòl Sakre Kè. Pandan li te lekòl li te angaje nan alfabetizasyon nan Bwadchèn. Li te militan yon òganizasyon politik jèn kretyen pwogresis ki te rele «Ayiti Pwogrè» pandan lane 1962 - 1964. Oganizasyon sa a t ap goumen kont diktati Divalye a ak tout rejim lan. Nan lane 1965 li te pase nan yon pati ki te rele PPLN - PUDA (Parti populaire de la libération nationale - Parti unifié des démocrates haïtiens). Pati sa a te vin fòme apre yon ensidan ki te pase Petyonvil pandan antrènman militan PPLN. Se reskape PPLN yo ak kèk militan Ayiti Pwogrè ki te fòme li. PPLN lan se te yon pati kominis ki t ap lite kont diktati Divalye a, kont enperyalis meriken, kont rejim semi feyodal la.
Yanick Rigaud se te yon jèn trè dinamik. Li te etidyan nan fakilte medsin. Nan lane 1968, li te sètoblije antre nan klandestinite total apre arestasyon yon kanmarad li ki te rele Michel Corvington.
Jou ki te 2 me 1969 la, makout ak militè yo envesti yon kay Fontamara, Savann Sale, nan kad yon gwo represyon rejim nan te blayi kont Pati inifye kominis ayisyen (PUCH) ki te angaje nan lit ame.
Yanick tonbe jou sa a pandan li t ap reziste.
Virgine Camaz
Leogàn: Kleren etanòl la reparèt
Plizyè plantè kann, gildivye nan Leogàn rekoumanse plenyen dèske kleren etanòl la reparèt sou mache a, apre 9 mwa kanpo. Deja nan mwa out 1999, lè peyizan, plantè kann, gildivye, asosiyasyon plantè Leogàn te leve kanpe pou bat chalbari dèyè etanòl la ak distribiyè etanòl la yo, chèf leta ak kèk lòt responsab nan gouvènman an, te di yo antere etanòl la. Poutan yon peyizan plantè te fè remake: «Kliyan m yo Lèzanglè e nan tout rejyon Nip la, pa vin achte, paske distribitè etanòl la yo al bay pwodui yo a lakay moun yo.» Moun yo fè anpil defisi ak zafè etanòl la ki anpeche kleren kann lan vann. Jean Adam, yon plantè 5 kyèm seksyon kominal Leogàn deklare: «Mwen te reprann lespwa lè m te wè nan pi wo nivo leta a, divès mezi te pran pou pwoteje n, malerèzman pa t gen suivi. Nou blije ap gad bagay yo. Nou fè divès defisi ki fè nou pè pou jou k ap vini yo.»
Bò kote pa l, pa vwa prezidan li Edner Sésir, Asosyasyon Plantè Leogàn pa manke kondane ministè Komès ak ladwann ki ta dwe bare wout pou etanòl la pa antre sou mache a. Désir wè komèsan ayisyen yo san wont, lè ke yo lage kò yo nan fè etanòl pran mache a pou finn kraze «pwodiksyon nasyonal la».
Apre l fin pase 3 jou fèmen nan prizon Petyonvil la, sou akizasyon l te gen zam lagè ilegal lakay li nan Okay, ansyen senatè e kandida sena Paul Denis nan OPL, jedi 25 me a jwenn liberasyon li. «Senatè Denis ki te prizon nan komisarya Petyonvil e kite pataje yon selil 9 mèt kare avèk 16 lòt prizonye... libere», chèf OPL la Gérard Pierre-Charles t ap anonse lè li t ap kontinye pou rakonte istwa pa li: «Pou nou se tout yon anbyans n ap denonse, paske sa ki pase 21 juin an, pou nou li pi rèd pase sa k te pase 29 novanm (87), lan 29 novanm yo te asasinen kèlke sitwayen, yon move bagay ki te fèt riyèl Vayan, enben, yo te met pèp la nan laperèz ak kout mitrayèz, ebyen fwa sa a, se nan tout peyi a yon seri nèg ak zam ki sòt nan palè nasyonal, nèg ame Lafanmi Lavalas, enben yo parèt ak zam sou pèp la, ki t ap vote, sou ran elektè, moun oblije kouri, moun oblije jete yo, prezidan BED, prezidan BEK skouri, epi yo vin fòse yon ak zam nan men, pou yo kontinye operasyon vòt la yo». Kòt Pierre-Charles jwenn ak odyans sa yo?
Pou bò pa l pòt vwa anbasad meriken an ann Ayiti David Withman te parèt tou pou li kondane: «Etazini fè parèt desepsyon li nan sa ki konsène klima entimidasyon apre dènye eleksyon sa yo, sa ki nan tèt nou kounye a se yon seri enfòmasyon konsènan arestasyon yon seri lidè politik enpòtan nan opozisyon an e entimidasyon kèk jounalis ak aktivis politik. Nou kondane ak tout fòs lavyolans e nou lanse yon apèl bay gouvènman ayisyen pou l modere ak pou l adopte yon seri mezi imedyat pou repare pwoblèm ki te genyen yo.»
Pè Joachim Samedy nan Koreka (Kòdinasyon rezistans Grandans) fè konnen malgre Paul Denis fè chemen kwochi, li pa merite tretman sa a. «Nou menm lavalas, èske nou dwe aplike politik Divalye a, ...rekonnesans se yon lachte..., Paul Denis alyas Ti Denn fè tout 3 zan koudeta sanglan an lame Dayiti a, ap batay pou demokrasi, anpil moun ap jwi jounen jodi a te kapab retounen, pandan anpil opòtinis t ap friz nan Wachintonn, Ti Denn te responsab "operasyon fè koupe fè" nan Sid peyi a, anfas Cedras, Michel François, Bazin, Serge Gilles, De Ronceray, Olivier Nadal, Mevs yo, Léopold Berlanger, Claude Roumain, Micha Gaillard, elatriye. Se vre pozisyon Ti Denn nan OPL dènye tan yo simen anpil konfizyon nan mitan kan popilè a... Ti Denn, malgre tou, san OPL rete yon kanmarad konba... Nou regrèt Ti Denn pèdi kan li, jiskaske jodi a se ansyen asasen poutchis, Espas konsètasyon, MPSN, k ap fè sanblan y ap defan li.»
Paul Denis li menm ki te fenk lage nan prizon Petyonvil la, te fè konnen: «Se yon gwoup entèvansyon polis nasyonal vè 7 tè maten, madi 23 me a... Kan mwen te wè yo ap vini lakay mwen, mwen te sòti, yo te brake zam yo sou mwen e minote m ak jete m atè. Epi mwen te mande yo pou fè m wè manda yo, yo pa t reponn mwen apre inè, m gen enpresyon ke yo te al fè magouy ak komisè gouvènman an. Lè yo ap monte machin pou mennen m Pòtoprens, nan moman sa a yo met nan pòch mwen, yon papye, yon papye ki sanble se yon otorizasyon komisè gouvènman an pou te pran m nan yon bon lokazyon.»
Poutan, pòt pawòl lapolis la, Jean Dady Siméon, te fè konnen se gwo zam lou, san otorizasyon, yo te jwenn kay kandida a, ansyen senatè a, ki fè lapolis te met lapat sou li.
Fanmi Lavalas an tèt
Rezilta pasyèl eleksyon 21 me a yo bay lavalas an tèt lis la. Nan depatman Sid kandida sena Lavalas yo bon nan premye tou, tankou Yvon Feuillé ki pase kòm premye senatè ak 49 963 vwa, kidonk 80% vòt la, e Victor Magloire, menm pati a, dezyèm senatè ak 48 989 vwa, ki bay 79% vòt la.
Nan depatman Nòdwès la, kandida Fanmi lavalas Fedner Pierre Louis fè 48 949 vwa, 67% vòt la, e ansyen senatè Luc Fleurinord ki se yon kandida endepandan pase kòm dezyèm senatè ak 39 120 vwa ki bay 53%. E toujou nan kandida pou sena yo, sanble Dany Toussaint nan Fanmi lavalas ta genyen eleksyon yo, ansanm ak Yvon Neptune menm pati sa a, nan depatman Lwès la, nan 15 komin sou 18. Toussaint ta sanble gen tan gen 373 514 vwa, alòs Neptune ta fè 341 220 vwa. Anfen Fanmi Lavalas ta deja genyen 14 senatè nan premye tou.
Desè Louis Mars
Se vandredi 26 me a, ke yo te chante lantèman lantèman doktè Louis Mars nan legliz Sen Pyè Petyonvil. Louis Mars ki mouri a 93 zan, se te pitit doktè Jean Price Mars, ki te youn nan gwo etnològ ak ekriven ayisyen. Louis Mars limenm ki te yon espesyalis nan medsin sikyatri, te patisipe nan divès konferans mondyal e atravè anpil dokiman li te ekri, liv, atik, li te etidye Zafè fenomèn zonbifikasyon an.
Ench: Espas la «pa pral nan eleksyon» ki deja fèt yo!
Kòdonatè Espas la nan Wo Plato Santral, Hebert Ceriphin, nan yon deklarasyon mande tout kandida Espas konsètasyon nan depatman sa a, pou yo rale kò yo nan zafè eleksyon 21 me a, yon fason selon li, pou yo pa sèvi ak prezans yo kòm dra. Opòtinis lan di manm Espas la nan tout nivo aparèy elektoral la nan Plato Santral dwe wete kò yo tou. «... Nou lanse maten an yon apèl bay tout reprezantan nou nan BED e BEK yo nan tout depatman an, pou koumanse retire kò yo, paske yo menm tou yo pa dwe sitire magouy, yo pa dwe sitire kandida chimè lavalas yo, ki rantre nan biwo vòt yo, ki rantre nan sant vòt yo, ap pran bilten, ap chire bilten e gran lajounen... Nou mande tout reprezantan nou yo pou yokòmanse retire kò yo lè yo tande nòt sa a.» Men se pa ti odasye pòtinis la odasye paske li kite moun li yo fin patisipe nan eleksyon an ki fin fèt deja, men se kounye a l ap di yo rale kò yo.