Haïti Progrès
 24 au 30  Mai  2000
Nan peyi Dayiti


Aristide «vote pou lapè»

Nan deklarasyon li fè detan l te sòt vote vè 3zè ½ nan dimanch lan, dirijan Fanmi Lavalas la, Jean-Bertrand Aristide te deklare: «Jodi a nou vote pou lapè, lapè nan tèt, lapè nan vant...», e pi lwen Aristide ajoute ke vot li a ale nan sans: «pou pa gen grenad k ap tonbe sou Konsèy elektoral, pou pa gen grenad ki ap tonbe nan kay ti moun, tankou sa fèt yè swa nan Lafanmi Selavi, pou pa gen dife ki ap boule ni moun, ni kay...» E li te fini konsa: «Nou vote pou 2001 ka bon tout bon.»
 

Patizan lavalas yo rele viktwa

Plizyè patizan Fanmi Lavalas te pran beton an, lendi 22 me a, yon manyè pou te kriye viktwa apre eleksyon yo. Moun yo ki te sot nand divès kwen Pòtoprens te pote divès pankat ki make «nou vote an pè, pa fè nou fè dezòd». Postè Lafanmi ak foto e Aristide e kandida li yo te fè kenken nan manifestasyon sa a, ki te fini byen kalm. Bri kouri nan Pòtoprens apre manifestasyon sa a, te lakòz divès aktivite pa t fonksyone pou rès apre midi a, e jounalis Sicrad la Gotson Pierre, nan radyo Kanada nan madi 23 me, te eseye fè yon rapwochman « sibtil» e sitou malonèt ak manifestasyon sa a kòm yon koz kandida meri zenglendo te touye nan dimanch nan ak manchèt.
 

Reyaksyon sou eleksyon yo

Divès reprezantan letranje ak òganis entènasyonal reyaji apre premye manch eleksyon 21 me yo. Pou Orlando Marville ki se chèf mision obsèvasyon OEA a ann Ayiti: «Nou te konstate te gen yon seri ensidan, nou te konstate te gen anpil moun ki te al vote, yo te trè pasyan...», deklarasyon Orlando ki te felisite obsèvatè CNO yo, pou travay yo ensi ke Polis nasyonal la.

Pou bò pa yo manm kongrè meriken yo ki patisipe nan obsèvasyon eleksyon yo di yo satisfè, yo kwè eleksyon yo se yon siksè, selon depite John Conyers. Reprezantan PNUD la Oscar Tarranco felisite patisipasyon pèp la nan eleksyon 21 me yo. Tarranco kwè se yon siksè eleksyon 21 me yo te ye. Pou fini, chaje dafè japonè a, Isanobur Asamar, kwè eleksyon yo se te yon reyisit.

Poutan, yon lòt kote pati politik ki nan «lopozisyon» yo, ki regwoupe yo ankò, anba yon fwon tounèf yo rele «gwoup konvèjans» rejte rezilta eleksyon yo nan kèk zòn peyi a, kouwè Lagonav yo te di yo boude vòt la, e yo pouse odas yo, pou kriye viktwa pou kèk lòt zòn. Nan dènye moman yo divès patizan Espas la te pran lari, 23 me a pou di se Espas la, e espesyalman kandida sena Lwès yo a, Daniel Supplice, ki ranpòte lamayòl eleksyon me 2000 yo. Ou bagay pèson pa konprann paske yo ap plede plenyen yo volè yo, epi yo di yo genyen!
 

18 me Akayè: Préval pa bliye Jean Dominique

Lan okazyon selebrasyon fèt drapo a nan Lakayè 18 me a, se moman pou chèf leta peyi a, René Préval, te kontinye onore ansyen pwopriyetè radyo Ayiti a, jounalis Jean Dominique: «... Jean te renmen drapo l, li te renmen peyi l, e se paske li te renmen drapo li, li tonbe...»
 

Yon nouvo lokal pou rektora inivèsite a

Nan okazyon fèt drapo ak linivèsite a, 18 me a, rektè Pierre-Marie Paquiot fè konnen gen yon nouvo lokal, ki preske fin pare pou mete rektora inivèsite a. «... Nou ta renmen lane sa a, pou 18 me 2000 lan, nou t ap pwofite, pou nou inogire nouvo lokal rektora inivèsite a... Lokal la poko fini ekipe nèt...»

Men byen ke rektè inivèsite a, Pierre-Marie Paquiot te deklare nouvo lokal rektora linivèsite a poko fini, li poko fin ekipe, minis Ledikasyon nasyonal la Paul Antoine Bien-Aimé, Premye minis la Jacques-Edouard Alexis, t al inogire lokal sa a nan lokazon 197 anivèsè drapo peyi a ak fèt linivèsite a. Nouvo lokal sa a chita nan Kanapevè nan ansyen lokal anbasad Taywan ann Ayiti a. Travay reparasyon yo senpman ki koute, dapre sa ki di 3 milyon 500 mil goud, te fèt pa fim enjenyè Alex Duquella a.
 

18 me 2000: Èske nou granmoun tèt nou?

18 me 2000 la make 197tyèm anivèsè kreyasyon drapo ayisyen an. E se tou, fèt inivèsite. Dabò, prezidan Préval ki t al patisipe nan seremoni fèt drapo a nan Lakayè, suivan latradisyon, te pwofite sikonstans pou: «rann omaj ak yon vanyan gason ki te renmen drapo l, ki te renmen peyi l... mèsi pou Jean Dominique». Ansyen prezidan Aristide ki te pale nan lokazyon an, te di: «Yon drapo lapè pou yon peyi anpè... Pou gen lapè nan tèt, lapè nan vant pou 2000 1 ka bon tout bon, vote an pè anba yon drapo lapè.»

Eskout, ak elèv lekòl, san bliye etidyan yo te patisipe nan divès defile ak lòt aktivite, pou te make fèt patryotik sa a. Konsa, nan Kwadèboukè, yon latriyè elèv lekòl, eskout, louvto, e ak mayo ki gen drapo a sou li, te pran lari, nan defile pou make 18 me a. Nan Tigwav, fèt drapo ble e wouj la te fete, e yon seremoni te fèt nan sikonstans lan pa pè Gérôme Desrozin nan legliz katolik vil sa a. Divès moun lavil la te prezan. Pa egzanp, elèv lekòl primè ak direktè yo. Poutan komisè gouvènman an, manm komisyon kominal yo, jij de pè, lòt anplwaye leta te absan. Pè Desrozin te adrese mesaj li bay patisipan yo, nan sans pou te onore ewo nou yo.

Nan depatman Plato santral, vil Ench 18 me a, yon mès aksyon degras te selebre pa pè Ulrick Louis-Jeune ak pè Dieufort Camil. Nan mesaj selebran prensipal mès la, pè Ulrick te onore ewo nou yo ki te reyalize 18 me 1803 a, kote Katrin Flon te koud premye drapo ayisyen an nan Lakayè.

Yon lòt kote, kòm 18 me se fèt linivèsite tou, kòm sa konn abitye fèt Pierre Marie Paquiot ki se rektè inivèsite leta a, te fè konnen ke malgre ke yo pral inogire yon nouvo lokal pou rektora inivèsite a. Yon bagay ki te arive fèt vre 18 me 2000 la, an prezans Premye minis Jacques Edouard Alexis ak minis edikasyon nasyonal la Paul Antoine Bien-Aimé.

Men okazyon 18 me 2000 la, se moman pou chak ayisyen ta koumanse ou kontinye panse sou yon altènativ serye, pou nou reprann dwa granmoun nou, yon fason pou revalorize fèt drapo peyi a ak fèt inivèsite a, ki mande leve eskanp figi l, yon fason pou nou ka gen yon drapo, pou nou ka fete 18 me nou, nan respè, lonnè ak ladiyite.

Haïti Progrès      |  ARCHIVES