Haïti Progrès
 17 au 23  Mai  2000
Nan peyi Dayiti


Kisa ki chanje nan Channmas?

Nan tan lontan Channmas te youn nan pi gwo plas piblik nan Karayib la. Men depi kèk lane figi l t ap fin blaze, jiskaske moun te menm kwè l ap retounen savann ke l te ye anvan gouvènman dantan yo te amenaje l. Depi kèk lane, gouvènman ki la a koumanse yon seri travay reyamenajman, nan senk prensipal plas piblik ki nan mitan Channmas la. Men, travay yo poko fini, e moun pa ka konn kisa ekzakteman ki ap fèt la, pou ta gen yon evalyasyon lojik travay yo.

Kòm nou te di pi wo a, Channmas divize an senk plas. Plas Kapwa ki bòne pa riyèl Pikan nan nò l, zòn Ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA), bò kote sid se riyèl Ducoste ki separe l ak plas Kristòf, nan lès pa ri Kapwa, blòk lokal Ayiti Pwogrè, nan lwès pa ri Lamarre, limit ansyen lokal katye jeneral militè yo, e lokal ministè fanm nan ki gen pou vin lokal biwo Premye minis la. Apre sa, nou jwenn plas Kristòf la, ke ri Larepiblik Pwolonje dekoupe tou kòm plas Desalin lan. Plas Desalin nan pou bò pa l nan lwès l al bout jouk nan do kazèn Desalin ki vin kounye a fè yon sèl ak palè nasyonal, nan sid plas Desalin dekoupe pa ri Manyi ak plas Petyon. Plas Petyon li menm dekoupe nan lès pa ri Kapwa, nan sid yon ri separe l ak plas Atis yo, nan lwès se koumansman avni Maglwa Anbwaz, anfas fakilte Etnoloji. Pou plas Atis yo, nan sid li, moun jwenn komisarya Pòtoprens.

Travay reyamenajman nou te pale a, fèt sitou nan plas Desalin ak plas Kristòf. Men, nan 2 lane ki sot pase yo, yon ti pase men te fèt nan plas Atis yo, kote pwogram JAMA lameri Pòtoprens lan konn fè fèt chak fen ane.
 

Plas Kristòf

Plas Kristòf la poko gen gwo travay reparasyon ki fèt ladan, men gen divès materyo moun ka konstate ki deja sou plas. Nan pwent ki bay anfas mize Panteyon nasyonal, tou pre Palè nasyonal la, gen yon estati Kristòf ki sou yon cheval. Menm jan ak lòt yo, plas Kristòf bare ak yon seri ranje fè, ki anpil fwa fin kraze. Gen divès espas ak glasi oubyen gazon, kote elèv lekòl, jenn nan katye yo vin jwe foutbòl, baskèt chak apre midi, sitou anba kyòs Oksid Janti. Nan fasad lès plas Kristòf, limit ri Kapwa, machann tablo, aleken, fresko, pistach griye fè kenken, fò w ta di se yon ti mache ki anfans yon otèl ki nan zòn lan.
 

Plas Desalin

Plas Desalin ki te fin tonbe an ruin rekoumanse reprann li, men moun pa konn si sa ap kenbe. Gen divès reparasyon ki fèt sou plas sa a, li vin gen yon lòt vizaj. Plizyè seri limyè enstale sou plas la, lòt pye bwa, reparasyon sitèn yo, twalèt, yon latriye poubèl mete, kèk nouvo chèz pou moun chita, etc. Ant plas Desalin, ak plas Kristòf, se la machin Diyite yo estasyone, pou pran elèv sou liy. Lè dimanch, moun rekòmanse frekante plas Desalin.
 

E plas Petyon?

Plas Petyon ki te toujou gen pi bèl eskanp figi nan dènye ane ki sot pase yo, te sòti pou l tounen dèyè, akoz divès move tretman plas sa a te konn sibi. Moun kraze gazon yo, kraze palmye, sabliye yo, move trètman pou chèz ak fè fòje yo. Men, seri reparasyon ki kòmanse ladann yo, remanbre vizay li. Gen divès bèl jwèt pou timoun ki enstale, limyè yo ranplase, plas la regazonnen, lòt ti pye bwa plante, chèz enstale, sistèm idwolik la repare... Se yon chay ak yon pakèt chanjman ki vin jwenn ak paking yo mete sou blòk ri Kapwa a. Men, fòk se pa kòm abitid, lave men siye atè!
 

Plas Atis yo...

Plas Atis yo ki pa fin twò kòdyòm pase sa, paske, menm jan ak divès lòt yo, se yon plas lib li ye, gen yon merit kanmenm. Menm jan ak plas Tousen, anfas palè nasyonal, menm jan ak plas Mati yo, anfas ministè Fanm lan, plas Atis yo se yon lye kote etidyan, elèv lekòl toujou vin fè eskal yo, vin etidye, akoz fenomèn blakawout manch long nan katye popilè Pòtoprens yo. Plas sa a gen divès plasman jè dlo, li gen kèk kote, menm jan ak plas Desalin pou moun fè espò. Plas Atis yo, anfas komisarya Pòtoprens, machann tafya prèske viwonnen l, gen kèk machann vyan, fritay a kèk pa de li, zòn anbasad Lafrans ak pwen sidès plas Petyon. Se sou plas sa a yo konn fè kèk ekspozisyon, fwa, aktivite JAMA eksetera, eksetera. Se yon plas itil ki mande yon bon pase men.
 

Sa k ap fèt ak plas Kapwa?

Pou bò pa l, plas Kapwa ki te yon chedèv vin tounen makawon. Akote frechè plas la ki pèdi, paske l fin kraze, chèz, poto limyè, estati Kapwa Lamò a ki disparèt, fanm jamè dodo, gason jamè dodo sitou fin pran plas sa a leswa apati 6zè diswa. Moun sa yo, ki pa vle moun wè yo, itilize kokorat yo (timoun ki lage nan lari a), ba yo ti kòb pou kraze limyè sou plas la. Sa kontribye pou fini ak plas la. Chèz, pye bwa, fè fòje plas Kapwa, sistèm idwolik la fin disparèt. Li prèske retounen savann.

An gwo, senk plas Channmas yo pa gen sekirite, moun fè bezwen nan divès landwa sou plas sa yo. Reparasyon ki koumanse nan plas Petyon, plas Desalin, plas Kristòf panko fè santi l toutbon. Anpil jefò ta dwe fèt pou relve eskanp figi Channmas. Moun ap tann yon rezilta reyèl e valab!

Haïti Progrès      |     ARCHIVES