Haïti Progrès
 10 au 16  Mai  2000
Nan Peyi Dayiti


Nouvèl Sidès

Jakmèl: AEJ pa ka fete fèt li

Jounen vandredi 5 me 2000 fè AEJ ki se Asosyasyon Anseyan Jakmèl 14 lane depi li te pran nesans li. Asosyasyon an paka fete kòm sa dwa akòz jan peyi a ki pa pran ka asosyasyon sa a an konsiderasyon, se deklarasyon Hervé Alix ki se sekretè jeneral AEJ. Pi lwen Hervé fè konnen li lage tout andikap asosyasyon an sou do ansyen direktè depatmantal edikasyon Sidès la mouche Paul Phoenix ki kite yon bann mak blese nan do AEJ ki poko prèt pou geri, sitou ak revokasyon madanm Roy ki se yon manm enfliyan asosyasyon an ki poko janm retounen nan plas li. Selon Hervé Alix se movèz fwa yon bann enspektè ak ansyen direktè depatmantal edikasyon an Paul Phoenix ki fè jounen jodi a asosyasyon an gen difikilte pou fete 14 rekòlt kafe li. Li voye yon mesaj solidarite bay manm li yo pou di yo kenbe pa lage, y ap batay pou sa chanje e yon jou, y a va fete fèt yo kòm sa dwa.
 

Refijye ap pran imilyasyon

Nan gade deplwaman refijye yo ki ap fèt nan tout kwen nan peyi a, nan okazyon fèt patwonal Jakmèl la kèk ladan yo te ateri nan vil Jakmèl. Dapre yo: aprè anpil imilyasyon yo sot pran nan men dominiken yo, jounen jodi a se nan pwòp peyi pa yo y ap pran desepsyon. Victor Jean-Louis se moun Plezans, se yon refijye ki kite lakay li pou afè pa bon kote li te pran chans ale nan peyi Sendomeng dèyè yon lavi li te kwè ki t ap miyò. Nan lavèy fèt Senjak ak Senfilip la, misye ateri nan vil Jakmèl. Selon sa Victor fè konnen, li pa apresye fason majistra Jackson Bellevue ki se kandida pou pòs depite sou banyè OPL ak majistra Guy Mathieu resevwa li, kote yo te plis vle pase li nan betiz sitou lè majistra Bellevue t ap di li ke «menm limenm afè pa li pa bon, li pa ka fè anyen pou moun». Pou kounyè Victor Jean-Louis lage nan vil Jakmèl, li poko janm ka jwenn mwayen pou retounen lakay li nan zòn Plezans ki nan depatman Nò peyi a. Kidonk men konpòtman Jackson Bellevue ki di li pral batay pou chanje kondisyon la vi moun lè l rive depite.
 

Ka Manbo: Morales Jean-Pierre mouri

Se avèk anpil lapèn nou ap aprann lanmò Morales Jean-Pierre ki mouri nan dat lendi premye me 2000 lan a laj 60 tan nan lokalite Manbo ki tabli nan 13zyèm seksyon kominal Lamontay Jakmèl. Nan sikonstans lan Pati Popilè Nasyonal (PPN) voye kondoleyans bay kanmarad nou Amores Jean-Pierre, kondoleyans pou Gertrude Jean-Pierre, Misna Jean-Pierre, madanm li Grenn Fanm, manman li Therezia Pétion. PPN voye kondoleyans bay tout fanmi Morales ak tout manm PPN nan Manbo lanmò a frape. Antèman Morales te chante madi 2 me 2000 la.
 

Ansapit: Popilasyon an bezwen elektrisite

Depi nan mwa desanm 99 la, òganizasyon ASKORAB ki se Asosyasyon Kominotè pou Relèvman Komin Ansapit ak Bèlans te rantre kouran nan komin nan kote tout enstalasyon yo te deja fèt. Reskonsab EDH Jakmèl yo te gen pou misyon pou vin enstale 2 transfòmatè pou distribiye kouran an. Sa deja gen 4 mwa e jouk jounen jodi a anyen poko janm fèt, transfòmatè yo rete ap kanni atè jouka prezan; devan sitiyasyon sa a, pòtpawòl Askorab Onel Marcelin mande responsab Edh Sidès pou yo panse a popilasyon Ansapit la, paske nan kad devlopman, ekleraj ap genyen yon kokenn chenn enpòtans pou komin lan.
 

Gran Gozye: sitiyasyon an fè peyizan ap koupe pye bwa

Nan lokalite Kolin dè Jèn, seksyon kominal Gran Gozye, sitiyasyon la vi chè, grangou, ensekirite elatriye tèlman malouk, peyizan pa konnen ki sen yo dwe rele pou yo ta rale yon ti souf. Sitiyasyon an tèlman grav, peyizan sètoblije rantre nan koupe bwa pen pou siye l fè planch ak chabon elatriye. Selon peyizan Kolin dè Jèn yo, yo oblije koupe Bwapen an paske yo gen madanm ak pitit. Fòk timoun yo al lekòl pou yo pran ti mòso pen ledikasyon, alòs ke leta peyi a pa fè anyen pou pèmèt sitiyasyon la vi chè a amelyore. Peyizan yo fè konnen malgre y ap koupe pye bwa a yo konnen li pap nan avantaj zòn nan paske sa ka pèmèt la pli pa janm tonbe nan zòn lan, men se leta ki dwe pran responsabilite pou pèmèt kondisyon la vi moun Kolin de Jèn amelyore.
 
 

Nouvèl kout Nò

Okap: Konfli lajan ap kontinye nan Lameri

Pandan mobilizasyon anplwaye Lameri t ap fè pou touche salè yo nan semèn 18 avril pase a, chèf komisyon Kominal la Claude Péan te fè konnen se lajan Labadi l ap tann nan men pouvwa santral la pou peye dèt Lameri. Se konsa avek chèk 900 mil goud ke l te resevwa ki soti Pòtoprens, majistra Claude Péan te kòmanse pewòl anplwaye madi 2 me a. 3 katèl kazèk vil la, ki ta sanble okouran ke 950 mil goud sa se lajan Labadi, te bay yon konferans pou laprès mèkredi 3 me a kote yo te pwofite fèmen pòt Lameri pou reklame pousantaj seksyon kominal pa yo nan lajan an. Daprè prensip ki etabli, seksyon kominal Ba di Nò, kote Labadi a plase, gen 30 % nan lajan sa a, alòske seksyon Wo di Kap ak Lasistans gen 15% pou yo chak e rès la pou Lameri Okap.

Majistra Claude Péan te blije kanpe pewòl anplwaye yo pandan l te mande yon rankont ak 3 katèl kazek yo yon fason pou fè limyè sou lajan an. Rankont sa kite fèt lendi 8 me a te fini nan gwo deblozay nan moman majistra Claude Péan te fè konnen lajan sa pa lajan Labadi alòske nan yon premye tan li te deklare 900 mil goud sa se pousantaj Lameri nan lajan Labadi a. Kontradiksyon sa te soulve 3 katèl kazèk yo ki akize Claude Péan kòm moun ki ap detounen lajan Leta.

Antouka kriz lajan poko nan wout pou rezoud; majistra claude Péan pwomèt pou l kontinye peye anplwaye yo jedi 11 me a, pandan 3 katèl kazèk vil la kontinye reklame pousantaj pa yo nan 950 mil goud la.
 

Plezans: Finalman inogirasyon tribinal la

Depi mwa dawout 99, yon nouvo lokal tou nèf te konstwi pou abrite tribinal de pè komin Plezans, men sa pa anpeche otorite Lameri te kontinye kenbe tribinal la andedan Lameri a. Sitiyasyon sa te favorize majistra Rodney Alcide kontwole Lajistis nan Plezans pandan l t ap itilize kriminèl notwa tankou Chamson Destima pou teworize popilasyon an. Nan yon konferans pou laprès nan dat 2 me a Therléus Joseph, manm Pati Popilè Nasyonal (PPN) te pwofite denonse konplisite otorite Lajistis ak Lameri a.

Konsa yon delegasyon ki gen minis Lajistis la Camille Leblanc, minis Planifikasyon an Anthony Dessources ak direktè UCG a Paul Latortue te rantre nan Plezans vandredi 4 me a pou inogire nouvo lokal Tribinal de pè a. Direktè UCG a, ak minis Planifikasyon an te pwofite fè konnen gen 1 milyon 600 mil goud ki dispoze pou pwojè Plezans tankou: restorasyon lise Chada, men akoz pwoblèm politik pwojè sa yo paka egzekite e yo swete apre eleksyon 21 me a pwojè yo ap demare. Men si lajan an vreman la, nou pa wè pouki y ap tann eleksyon?

Minis Lajistis la bòkote pa l deklare gouvènman ap kontinye fè anpil jefò pou lajistis mache, men èske detachman Tribinal la de Lameri pral pèmèt Lajistis fonksyone pi byen? Pa egzanp arestasyon ak jijman kriminèl tankou Chamson Destima ki gen plis pase yon ventèn manda sou do l.
 

Plezans: Majistra Rodney Alcide ap fè malen

Apre pakèt zak sasinay gwoup san manman atache Frap Chamson Destima fè sou diferan moun nan popilasyon Plezans nan semèn pase a (Ayiti Pwogrè vol 18 # 7), Joseph Therléus manm (PPN) Pati Popilè Nasyonal ki viktim zak sa yo te akonpaye nan vil Okap plizyè lòt viktim pou non sèlman alète otorite Lajistis nan depatman sou menmiz Lameri nan Plezans ap fè sou Lajistis nan zòn sa a, men tou pou mete popilasyon an okouran klima laterè Chamson Destima ap tabli nan Plezans.

Nan yon konferans pou laprès nan dat 2 me a Joseph Therléus klase zak sasinay sa yo nan kad kanpay entimidasyon majistra Rodney Alcide ap fè pou popilasyon an atravè kriminèl Chamson Destima, yon fason pou gen teren lib pou akonpli koudeta elektoral la nan Plezans. Majistra Rodney Alcide ki pèdi tout kredibilite ap sèvi ak manti pou jistifye tèt li; e Rodney Alcide fè konnen ke komin nan an pè e se PPN k ap preche vyolans. Pawòl mansonjè majistra Rodney Alcide la pa sanble konvenk popilasyon an ki konnen klèman gwoup asasen Chamson Destima ap opere anba pwoteksyon Rodney Alcide. Dezyèmman majistra Rodney Alcide an kontradiksyon ak pwòp tèt li, lè l fè konnen Plezans an pè alòske se menm majistra Rodney sa kite deklare gouvènman bay plizyè moun zam pou fè dezòd nan Plezans!

Menm otorite Lapolis nan zòn nan te wè nesesite pou demanti deklarasyon Rodney Alcide la, e daprè yo, lapolis kontwole zòn nan. Men fòk otorite Lapolis yo pata bliye gwoup san manman Chamson Destima k ap simen panik nan mitan popilasyon an.

Haïti Progrès      |     ARCHIVES