Haïti Progrès
 3 au 9  Mai  2000
Eleksyon pa posib 21 me...

18 jou anvan dat ki fikse pou premye tou eleksyon yo, kidonk 21 me a, pwosesis elektoral la kontinye ap rankontre yon chay pwoblèm. Nan Grandans, pwoblèm ki met bab pou bab Espas la atravè prezidan BED la, kèk nan responsab BEK Ansdeno a ak patizan Eskanp/Korega yo rete tennfas. Jiskaprezan, Ernso Sainclair toujou alatèt BED la.

Zòn Latibonit, militan Gwoup refleksyon popilè (GREP) yo toujou ap denonse Espas la ki gen menmiz sou BED la. Sitiyasyon konfli sa a pa diferan nan divès lòt blòk peyi a. Ata lidè politik, kandida ki te konn mache tèt bese devan KEP la, ap plenyen devan malè pandye yo wè ki sou wout «eleksyon mache prese» yo.

René Théodore nan MRN li menm pa satisfè de ti ponyen BIV li wè KEP la anvizaje mete yo. Gen moun, pati e òganizasyon ki te toujou gen dout sou reyalizasyon eleksyon yo, ki deja ranvwaye plizyè fwa. Dirijan Pati popilè nasyonal (PPN) lan Benjamin Dupuy t ap byen mande depi plizyè mwa, pou gen yon sèl eleksyon nan peyi a, parapò ak tan pou byen fè eleksyon yo, tenan kont mwayen ekonomik peyi a.

Poutan, responsab misyon obsèvatè elektoral OEA a, Orlando Marvil, vle eleksyon, men nan nenpòt kondisyon, suivan enterè peyi ak enstitisyon l ap defann yo. Li te reponn a yon jounalis sou reyalizasyon ou pa eleksyon yo: «Wi, sa vle di si m te gen lespwa, mwen gen dout tou.» Poutan l pa janm vle konprann fòk gen tan pou eleksyon yo fèt byen!

Pou bò pa l, Rosny Desroches nan CNO konstate: «... KEP la te pèdi anpil nan kredibilite l... Yo aji pou kò yo, san dyalòg avèk lòt yo e y ap peye jodi a... mank dyalòg ak koperasyon sa a.» Rosny Desroches ak CNO l la ansanm ak Léopold Berlanger te gentan pare pou yo al pyafe nan eleksyon bouyi vide kont pèp la.

Si responsab PPN lan pa t kouri denonse konplo sa a, pyès moun pa konn sa k t ap pase. Antouka, KEP la ki finn pèdi pye, ki fin pèdi tout sipò politisyen opòtinis yo, pou rezon pa yo, te òganize yon rankont, ke pòt pawòl la, Roland Sainristil ap bay rezon an: «Objè prensipal rankont lan, jan nou di l la se enfòme pati, gwoupman, kandida ki yo menm enplike nan pwosesis elektoral la, sou eta avansman pwosesis la, sou plan teknik, ansanm sa ki fèt deja nan pakou a...». Dayè Eskanp/Korega, pa vwa Kelly Bastien, te boude rankont sa a. «Eskanp, nou resevwa envitasyon Konsèy elektoral pwovizwa a, men malerezman, nou pap ka patisipe...», deklarasyon Bastien ki wè pwoblèm lan poko rezoud nan Grandasn e menm Ansdeno.

Men, jounen 27 avril la ki se lè rankont KEP la, pati politik yo, kandida yo ak kèk pèsonaj etranje, te fè otèl Kristofè transfòme an yon veritab gagè. KEP la pa t fouti jere panik jeneralize ki t ap boulvèse lye rankont gagòt sa a. Macajoux Médard nan KEP la te di pou kalme tansyon an: «Nou pa vin batay isit la, nou ap pale de ensekirite e nou gen lenpresyon ensekirite a la a nan sal sa a, fason entèvansyon yo fèt, pawòl k ap pati yo fè pati ensekirite a.»

Prezidan KEP la, Léon Manus di sa l vle fè: «Nan jou k ap vini yo, òganizasyon popilè yo kontinye ap fè vyolans kòmande, yo detwi machin sitwayen onèt ka pral nan lokipasyon yo. E dife kontinye ap boule kay moun fè ak swè fwon yo. Si ensekirite a pouswiv... eleksyon yo... pap fèt...» Yon parèy deklarasyon montre iresponsabilite KEP la, pou pran tan, pou reyalize eleksyon onèt, lib, demokratik nan peyi a. Sa montre tou, Manus, iresponsab kote l ye, pataje plan destabilizasyon patizan «opsyon zewo» yo, tankou MPSN, OPL.

Nòmalman, nan kan opòtinis la, deklarasyon konplis Manus lan te soulve divès reyaksyon. Konpè Plim te monte: «Nou menm, nou di nou vle eleksyon serye fèt, n ap goumen pou eleksyon serye fèt... Men jan bagay la prale la a, li pa sanble genyen kondisyon pou yon eleksyon fèt.» Devan dout pa PDCH la, li mande pou «... Tout opozisyon an met tèt ansanm...» Pou vin ranfòse plan destabilizasyon an?

Pou mete yon pwen ba nan sitiyasyon konfizyon sa a, Pati popilè nasyonal (PPN) te rele yon lòt fwa, yon konferans pou laprès, pou l te demaske «... maskarad KEP la vle òganize...» 21 me ak 25 jen an. Nan lokazyon an, Benjamin Dupuy ki se sekretè jeneral pati a, mande moun ki plizoumwen anndan KEP la, sa yo ki pa ta vle benyen nan lòbèy la, pou yo ta desolidarize yo, demisyone nan enstitisyon sa a. Ben fè yon lòt fwa konprann ke eleksyon onèt e serye pa posib nan 18 grenn jou ki rete yo, parapò ak jan sitiyasyon an prezante jounen jodi a. «Eleksyon pa ka fèt 21 me nan lòbèy, nan anachi, nan lòbèy ke yo pare a. E KEP la sot bay demonstrasyon ke li pa menm ka òganize yon ti rankont... Mwen pa bezwen pale w pou li ta òganize eleksyon nan peyi a.» E yon lòt fwa Ben raple: «Gen lontan ke nou plede anfavè yon sèl eleksyon.» Dirijan PPN lan te bay rezondèt sa l di a: «Si gen yon sèl eleksyon e se peyi Dayiti, se gouvènman an, se Ayisyen ki ap òganize l ak pwòp mwayen pa li, san blan pa vin foure, ap fè chantay lajan, y ap bloke lajan, yo pap bay 5 kòb... Si eleksyon an fèt ak pwòp mwayen nou, e gouvènman an chwazi yon lòt KEP, wi nou dakò, nou ap patisipe nan yon eleksyon nasyonal» Fwa sa a, moun pa kwè gouvènman an ap kontinye benyen nan lòbèy ak KEP Manus lan.

Devan tout kalte pwoblèm sou pakou pwosesis elektoral la, iresponsabilite KEP la, mannigans plan destabilizasyon fòs fè nwa yo, k ap alimante plan ensekirite nan peyi a, tout moun ki wè klè dwe konprann, 21 me ak 25 jen k ap pwente la a, eleksyon onèt, serye, e demokratik pa posib! Meyè solisyon an kòm sekretè jeneral PPN lan toujou di l, se reyalize yon sèl eleksyon nan mwa novanm 2000.
 
 

Nouvèl Kout Kreyòl
 

Yvon Neptune sou disparisyon mistè kandida Espas la

Semenn pase anwo, Espas konsètasyon te di yo kidnape yon kandida li pou pòs delege vil Matisan, Claudy Myrthil. Pòt pawòl Fanmi lavalas la, Yvon Neptune ki t ap patisipe nan envitasyon yon radyo kapital, te reponn ak yon keksyon jounalis la sou kandida Espas la ki ta disparèt la. «Bon, dapre enfòmasyon ke nou genyen onivo baz Fanmi lavalas nan zòn Matisan, pa gen okenn pwoblèm ki janm ekziste avèk nom ke w bay ki ta swadizan disparèt la, paske, lè yon moun disparèt tou, sa vle di kisa? Moun disparèt plizyè fason, gen fwa ou disparèt totalman, gen fwa se kache w al kache, gen fwa se kache yo kache w, sa depann pou ki rezon politik. Paske n ap travèse yon pas elektoral, kòm gen diferan ti gwoup politik, gen diferan politisyen, tou kòm politik yo, se kreye anpil fwa tout bagay moun pa ka aksepte, ke l se vyolans, ke l se agresyon, la pa nou remake politik la, se fè yon seri plan e lonjè dwèt sou Fanmi lavalas».

N ap raple, semenn sa a, «kandida disparèt» la, Myrthil te tounen lakay li fre tankou yon kola kenz. E li te pouse odas li, pou di «nèg ki te sove ak li yo» te di y ap bat li pou l pa blese. Sanble Myrthil sa a konnen tout moun se egare. Siman paske li nan lekòl odas K-Plim lan?
 

Mesaj Zafè Elèv Lekòl (ZEL)

Yon lòt fwa ankò, nou menm nan ZEL, nou pran chimen laprès pou nou denonse lese grennen k ap fèt andedan lise yo kote ke, dirèkteman andedan lise Pétion, lise Janjak, Danyèl Fiyole, Orasiyis Lavanti, Lise Louis Joseph Janvier, genyen yon grèv manch long ki kontinye ap vale teren malgre rimè k ap kouri ki ta fè kwè ke grèv la leve. Lè nou konsidere espesyalman nan Lise Pétion se sansè ak direktè k ap fè kou nan tout lise a, alòske chak mwa chèk pwofesè absanteyis yo rive jwenn yo san difikilte.

Yon lòt kote nou menm nan ZEL nou konstate ke akoz konjonti elektoral la pri pwodwi premye nesesite yo monte tèt nèg, lajan meriken pa janm sispann monte bwa, yon bagay ki lakòz tout direktè lekòl prive kontinye ap toupizi malere ak malerèz nan peyi a.

Akote tout pwoblèm sa yo ke paran ak elèv ap konfwonte tankou lise nou yo ki fin tonbe an degraba ak pwofesè absanteyis ki pa janm vinn fè kou ak yon leta demisyonè. Ak tout ensekirite k ap vale teren kote blakawout ki anpeche elèv yo etidye lè swa. Mete sou tout bagay sa yo nou wè ke genyen yon fenomèn koripsyon k ap boujonen andedan lise yo, pa ekzanp nan lise ki gen fi yo kote ke direktè ak pwofesè malonèt fè lise sa yo tounen yon espas pou bay pwostitisyon pran jarèt, kidonk san manman sa yo vle fè lekòl tounen yon lye de randevou pou yo pase lè yo bezwen pran plezi yo.

     Pou nou fini, n ap mande pou ministè Fanm ak òganizasyon k ap batay pou regle koze fanm yo pou yo menm tou di yon sou zak malonèt sa yo.
     Aba imoralite sou tout fòm andedan lise yo ak kolèj yo.
     Aba direktè ak pwofesè lekòl piblik kou prive devègonde yo.
     Aba leta demisyonè.
     Viv lit elèv yo.
Etienne Hérode


Haïti Progrès      |    ARCHIVES