Haïti Progrès
19 au 25 Avril  2000
Nouvèl kout Kreyòl
 

Préval trouve Espas la ak «kominote entènasyonal» la iresponsab

Chèf leta peyi a, René Préval trouve iresponsab «kominote entènasyonal» la ak Espas konsètasyon an, lan zak briganday kraze brize k ap fèt nan lari a, akòz move deklarasyon 2 sektè sa yo. Prezidan an ki t ap pale nan aewopò Pòtoprens lan, anvan l pati pou Kiba, fè remake: «Ou (Espas la)... anndan ekzekitif la, anndan CEP, ou konn ki difikilte ki genyen, ou konn ki pwoblèm ki genyen e nan menm tan w ap mande katon wouj. Sa katon wouj la vle di, pou prezidan ale...»
 

K-Plim te gen zombi lan Kay la?

Kèk jou apre lokal KID/Espas konsètasyon an fin boule nan ri Kami Leyon, Evans Paul alias K-Plim, deklare gen «7 moun ki te abite nan lokal la» li pa wè, sa vle di ki disparèt. Poutan, menm K-Plim sa a ki te al nan lokal li a kèk jou apre dife a, triyonfalman ak kèk aksyonè pa l dèyè l, pa t janm sonje fè yon deklarasyon parèy!
 

Civil pral pòt plen lajistis...

Pòtvwa JPP a, René Civil di li deside trennen devan lajistis moun ki te di yo te wè l ak zam nan moman dife t ap mete nan lokal KID/Espas la: «Senpman gen yon seri konsiltasyon k ap fèt pou n konnen, ki jou nou kapab koumanse aksyon an jistis sa a kont deklarasyon manti sa yo...», se sa Civil te di. N ap raple se responsab achiv Espas la, Petit-Homme Jean Pétrus ki te nonmen non manm JPP a nan zak deblozay yo, nan lokal KID la.
 

Yon moun asasinen lan mitan lari

Bò 6 zè lapremidi mèkredi 12 avril la, yo tire moun ki t ap tann kamyonèt bò tribinal Pòtoprens lan. Moun nan zòn lan ki te wè nèg ki pran bal la poko mouri, te kouri rele lapolis. Men, kòm alòdinè, lapolis te di li pa gen gaz pou deplase. Nèg la te fè plis pase 20 a 30 minit atè a, anvan yo te transpòte l lopital. Mouche te rive mouri lopital.
 

Willy Louis mande konsètasyon

Sekretè jeneral pwovizwa PLB (Pati louvri baryè) a, enjenyè Willy Louis te atann li dat eleksyon yo ta pral chanje. Men mouche vle sa fèt nan konsilte lòt sektè yo. «M pa ka di w si wi nou favorab ou pa, sa k enpòtan pou nou menm, fòk gen yon dat ke tout sektè yo rejwenn yo ladann...» E sa k ap mande demisyon Préval yo, sa ki pa vle eleksyon yo ankò?
 

Alexis nan evalyasyon...

Premye minis Jacques-Edouard Alexis fè konnen malgre dat ki fikse pou premye tou eleksyon yo, 21 me pwochen an, travay evalyasyon ki te koumanse fèt sou pwosesis elektoral la ap kontinye. Evalyasyon sa a, moun pa konn ki lè l ap fini paske li ap gen pou touche divès travay ki reyalize nan pakou pwosesis elektoral la, diran plis pase yon lane pou kouvri tout bagay dròl KEP la fè.
 

Deblozay nan lokazyon lanmò «Janbe»

Se lendi 10 avril la Jean Samedi alyas Janbe antere nan gran simityè Pòtoprens. Apre lantèman sa a, gen divès moun ki pwofite fè anpil deblozay anba lavil la ak nan Lasalin. Yon temwen ap eksplike: «Yon ekip nèg ak manchèt, ak zam nan men yo vare sou machann yo la a, mete moun yo deyò anndan kay yo, epi mete gaz, epi dife». Machann yo te denonse zak sa a ki fè yo fè anpil pèt, yon lòt fwa ankò.

Sitin devan Ayiti Entè

Plizyè dizèn manm òganizasyon popilè pwòch Lafanmi lavalas, manifeste nan yon sitin, maten jedi 13 avril la, devan lokal radyo Ayiti Entè sou wout Dèlma a. Oganizasyon sa yo mande jistis pou jounalis Jean Dominique, ki te mouri sasinen nan dat 3 avril pase a.
 

Fanmi ti bebe disparèt la kite matènite a

«Nou toujou nan lopital la, nou chanje lokal, men se pa ale nou ale, savledi batay la fòk nou jwenn bout li kanmenm...», se deklarasyon yon fanmi ti pitit fi ki pèdi a, Nathalie, ki fè konnen paran timoun nan deside kite lokal matènite a, pou al nan administrasyon lopital la. Fanmi sa a, Fritznel Augustin di paran yo pran mezi sa a, jis pou fasilite akouchman yo nan matènite a, men, toujou dapre l, se pa presyon yo pran.
 

Manm BI yo koumanse touche

Kèk responsab BEK nan sektè depatman lwès la, te gen tan ap klewonnen ke manm Biwo enskripsyon yo koumanse touche. Maten madi 11 avril la, se gwo lòbèy ki te genyen nan labank, divès moun te estomake fason yo wè bagay yo t ap fèt la. Gen moun ki travay e ki pa wè non yo nan lis la, genyen non yo mal ekri, genyen se swa nom yo oswa prenom yo ki chanje... tout kalte pwoblèm te prezante. Moun sa yo te akize manm BEK Pòtoprens la, kòmkwa se yo ki ta manniganse magouy sa yo.
 

10 milyon dola US pou IHSI rekonte popilasyon an

Dapre Renan Dorélien, Enstiti ayisyen estatistik e enfòmatik (IHSI), ap travay sou yon pwogram rekonte popilasyon an, ke l ap lanse nan mwa septanm 2001. Pwogram sa a, dapre sa Dorélien di, ap koute 10 milyon dola US. Direktè IHSI a fè konnen pwojè sa a prepare ak konkou «kominote entènasyonal» la e ke kèk ajans koumanse bay Ayiti ti èd lajan sou dosye sa a.

N ap raple, dènye resansmann te fèt nan lane 1982, sou rejim bout di «Bebi Dòk» la. E rezilta yo te bay gen 6 milyon moun anviwon k ap viv ann Ayiti. Pou kouwè l ye la a, y ap pale de 8 milyon.
 

Kay Jakmèl: zafè demwatye a ap mete kont

Nan Michino ki se yon lokalite Malvwazen, Kay Jakmèl, madi 11 avril la, vè 7 tè nan maten, zafè pratik demwatye a manke koze lanmò ant 2 peyizan, Josué Jean-Baptiste ak Jean-Louis Laguerre ki te mete men. Jean-Baptiste fè konnen Laguerre te sèvi l yon kout pla manchèt. Li te gen yon manchèt nan men l tou, kote li te louvri manchèt sou Laguerre. Se konsa, lapolis Kay Jakmèl te arete Jean Baptiste. E Laguerre li menm al pran swen nan yon sant sante.
 

Ansapit: zenglendo ap vòlè bèt al vann Sendomeng

Peyizan Ansapit nan lokalite Gawo ak Tèt Sous, rele anmwe pou tray y ap pase anba grif zenglendo nan zòn Gawo ak Tèt Sous, k ap vòlè kabrit yo, bèf yo, milèt yo, pote al vann avèk konplis yo dominiken an Repiblik Dominikèn. Zenglendo sa yo konn koumanse opere chak 7 tè nan aswè, ak gwo kout zam y ap fè chante. 2 polisye ki kantonnen nan zòn sa a yo, pa siyifi anyen, akoz mwayen yo di yo pa genyen. Se pa pou premye fwa peyizan nan zòn lan ap denonse vòl sa yo, men anyen pa janm fèt kont sa.
 

Lagonav: PLB nan difikilte

Kandida pou depite Fritzner Eliassaint sou banyè PLB, di li gen anpil difikilte alapwòch eleksyon yo nan zile a. Mouche di li resevwa bonkou menas.
 

Grandans: Pwoblèm dlo nan Jeremi

Moun Jeremi ap plenyen anpil dèske yo pa fouti jwenn dlo pwòp pou yo bwè e pou yo sèvi. Menm abòne SNEP yo se kalamite y ap monte. Devan sitiyasyon malouk sa a, moun Jeremi kritike direktè SNEP la nan Jeremi ak enjenyè responsab la Gertrude Julien.
 
 

Nouvèl Kout Nòdwès

Moun Sent Sizàn gen pwoblèm

Frédéric Polisa ki se manm Kazèk Sent Sizàn nan depatman Nòdwès, soulve divès pwoblèm popilasyon zòn sa a toujou ap konfwonte. Moun yo pa kite pyès pye bwa nan zòn lan. Yo koupe yo pou vann ou byen fè chabon. Rivyè yo vin seche lè yo pa yon danje pou popilasyon nan peryòd move tan, akòz debwazman an. Kazèk la mande zotobre Pòtoprens yo pou fè rebwazman ak konsèvasyon sòl nan Sent Sizàn pandan li pwofite soulve keksyon ensekirite a, ki se yon lòt manman pwoblèm abitan yo ap fè fas nan rejyon an akòz lapolis ki bliye zòn lan: «Lè w di nèg yo (polisye yo) gen yon bagay k ap pase nan seksyon an, yo di w chache yon mwayen arete moun lan, pote ba yo»! Polisa te fini pou di: «Dosye lapolis la se yon dosye nou klè sou li anpil, nou t al Pòtoprens, Préval te mande nou pou nou enskri 20 jenn gason nan lokalite a, pou yo te voye nan lapolis, jis kounye a, dosye a pa monte, li pa desann. Nou voye lis ale, anyen pa sòti. Sanble se jwe Préval t ap jwe nou nan sans sa a.»
 

Lakou dèkont ap fè odit

Nan mwens pase yon semenn odit Lakou dèkont koumanse fè nan KEP la ta dwe pibliye, se sa prezidan Lakou a, Pierre Richard Lafontant aprann nou. Odit sa a ta sipoze chita sou fason manm Konsèy elektoral la te jere lajan, depans ak byen enstitisyon an. Lafontant fè kwè gen divès enfòmasyon Lakou a gentan jwenn deja. Moun gen sèlman pou yo kwaze bra yo pou tann lapli rezilta odit sa a, fwa sa a ankò.

Haïti Progrès      |    ARCHIVES