Haïti Progrès
12 au 18 Avril  2000


Nan peyi Dayiti

Nouvèl Kout Kreyòl

KORETIG denonse laterè MPSN ak Espas la nan Tigwav.

Nan yon konferans pou laprès, dirijan Kòdinasyon rezistans Ti Gwav (KORETIG) denonse zak represyon, briganday, laterè Limogy Jean ki responsab Espas konsètasyon Ti Gwav, Deus Jean François, alatèt MPSN ak kontab meri vil sa a Guy Nicolas alyas Kenedy ap fè nan Ti Gwav. Reprezantan KORETIG yo di mesye sa yo ap distribiye zam, manchèt bay moun pa yo pou panike moun zòn lan. KORETIG note plizyè ka kote mesye sa yo swa maspinen moun, swa blese moun, oswa konplote pou touye moun. Yo tou pwofite fè konnen ke mesye sa yo vòlè mayo KOZEPEP yon fason pou fè vyolans epi lage l sou do lòt moun menm jan yo te fè madan Manigat a. Responsab kòdinasyon an pat epaye OPL nan kad aktivite dwòl kont popilasyon an. KORETIG pwofite denonse presyon ak zam patizan kèk kandida OPL, Espas, MPSN ap fè sou militan Ti Gwav. E li «egzije prese prese dezameman tout FRAPH (ke) MPSN, OPL ak Espas konsètasyon an bay zam pou simen latwoublay ak touye militan nan vil la». Oganizasyon sa a mande revokasyon tout jij makout nan Ti Gwav, e li mande «egalman yon inite espesyal dapwi ak lajistis nan vil Ti Gwav».
 

Reynold Georges di li sot rankontre Meriken

Lidè ALAH nan MPSN lan, Reynold Georges deklare: «Fò m di w mwen sot nan yon reyinyon trè wo nivo la a avèk yon pil manm gouvènman meriken, se souverennte peyi a mwen wè ki menase trè seryèzman kote m ap pale avè w la kounye a. Se yon bagay trè deplorab, pou ta wè yo fin fè lame Dayiti sa yo fè l la, pou w ta wè rejim lavalas la... Konnen menm sò ak lame a.» Bridsoukou mouche sot nan yon reyinyon ak yon seri etranje, li gentan wè souvrennte peyi a menase, e sitou lè mouche ajoute: «Nou menm (nan MPSN) pozisyon pa nou, nou pa wè eleksyon posib ditou avèk gouvènman lavalas la ki pa ka dirije peyi a...»
 
 

Asasina yon jenn gason 15 zan

Vandredi swa 8 avril la, yon jenn gason 15 zan ki rele Patrick Sabbat, elèv 4e enstitisyon Sen Lwi Gonzag, tonbe anba bal pandan l ap rantre lakay li nan Pòtoprens.

Kidnaping yon bebe nan gran lopital, asasina Jean Dominique, asasina Patrick Sabbat, 15 zan, tout ensekirite. Sa montre kijan fenomèn ensekirite a ap pran yon lòt nivo ann Ayiti. Bagay sa yo parèt yon destabilizasyon kont gouvènman lavalas la pou lage peyi a nan tchouboum.
 

Grandans : Mobilizasyon pou mande jistis

Maten jedi 6 avril 2000 la divès òganizasyon popilè nan Jeremi mobilize, manifeste, boule kawotchou, fèmen pòt APN, DGI, BED la, BEK la pou mande jistis pou Jean L. Dominique. Nan mobilizasyon sa a plizyè moun nan popilasyon an te enplike pou denonse fòs fènwa yo ak moun ki ap prepare koudeta elektoral la.
 

Sitin Fondasyon 30 septanm

Mèkredi 5 avril la, Fondasyon 30 septanm te fè yon sitin devan lokal radyo Ayiti Entè pou mande jistis pou Jean Dominique ki te tonbe anba bal jou 3 avril pase a.
 

Sa senatè Leblanc ap di la?

Menas sanksyon sou Ayiti a pou swadizan blokaj pwosesis elektoral la sanble, daprè deklarasyon senatè OPL Edgard Leblanc, ke se kont dirijan ki sou pouvwa a pou yo pran sanksyon yo, men se pa kont tout peyi a. Yon bagay moun pa janm wè ki fèt pou yo pran sanksyon ekonomik kont yon gouvènman kote peyi a pa touche.
 

Etazini: Senatè Irvelt Chéry ap konplote ak IRI

Youn lan gwo dirijan pati Gérard Pierre-Charles, ki di OPL la, senatè Irvelt Chéry drese yon rapò makawon bay Enstiti repiblik entènasyonal (IRI) nan Washington kont pouvwa lavalas la. Mouche kòmanse pou di, sèl zafè k ap regle ann Ayiti se trafik dwòg e asasina politik; e li lage zak sa yo sou do Aristid li di k ap travay pou tabli yon rejim bout di ansanm ak Préval ann Ayiti. Mouche pale de trafik zam kouwè Uzi, AK-47, elatriye k ap sot Etazini pou rantre nan peyi a. Chéry di gen krim politik e trafik dwòg ki fèt nan peyi a, kote pati li a ak sa l rele «opozisyon» an toujou mande Etazini jistis e mande DEA, FBI, Intèpòl mennen lankèt sou koze sa yo. Senatè a di se Aristid ak Préval ki pa vle eleksyon fèt nan peyi a, malgre li lage tèt li nan yon kontradiksyon, lè l di Aristid ak Préval depanse 2 milyon goud pou monte nan chak depatman peyi a yon seri òganizasyon ki pou fè yo genyen eleksyon yo. Chéry denonse moun li di k ap fè lobi Ozetazini pou Aristide e li mande «kominote entènasyonal» la pran sanksyon kont dirijan peyi a. «OEA ta ka itilize deklarasyon Santiago a. Karikom ta ka ede n tou. Bò kote Etazini, tout òganizasyon ki te konn ede nou (OPL?) anvan yo ta ka refè l. Nou te dwe itilize amandman Dewine/Goss yo», pawòl yon senatè k ap bay yon enstitisyon etranje move rapò sou do peyi l.

Senatè Chéry fè konnen li pa gen pwoblèm ak òganizasyon yon sèl eleksyon, men: «Sa pral depann, selon Chéry, de kontèks la. Avèk yon seri mezi, yon obsèvasyon, yon fòs entènasyonal djanm...»

Divès pawòl dwategòch senatè Chéry yo montre kouman pati mouche a, OPL, ap travay ak IRI pou fin destabilize peyi a. Sa lèd pou se senatè yon peyi k ap travay pou etranje kont peyi li.
 

Etazini: 35 bòtpipòl kiben sou wout libere

Responsab imigrasyon Ozetazini fè konnen yo sou wout pou libere yon gwoup 35 kiben, ladan yo 11 timoun ak 2 granmoun fi, ki te rantre ilegal nan peyi sa a sou yon ti bato. Se sa Sant Pon rapòte. Moun sa yo te debake nan zòn Long Key State Park nan Eta Florid, anvan yo te transfere yo nan prizon Kwòm. Responsab meriken yo fè konnen, y ap voye kiben ki gen fanmi Ozetazini lakay pwòch yo, e sa ki pa genyen pral konfye ak yon biwo katolik ki di l ap ede refijye. Sa vle di kiben sa yo ap rete viv Ozetazini, kontrèman ak fason otorite peyi sa a konn trete ka refijye ayisyen yo.
 

Pòtoriko: Meriken voye tounen 72 dominiken

72 bòtpipòl dominiken pami yo 11 fanm, daprè Sant Pon, retounen Santo Domingo, apre Gad kòt meriken te fin kenbe yo 4 avril la. Lè yo t ap transpòte dominiken yo, divès nan yo t ap rele yo grangou, yo swaf, yo fatige, yo santi yo malad, aprè sèt jou yo pase nan lanmè. Pami bòtpipòl yo, yon jenn moun Bani an Dominikani, di yo prefere riske lavi yo sou ti bwa fouye pase pou yo ret sibi chomaj lan Sen Domeng.

Sant Pon raple, ke nan yon rapò PNUD 4 avril la, òganizasyon sa a fè wè plis pase 4 milyon dominiken ap manje mizè, malgre y ap pale de monte lekonomi peyi sa a, nan 10 dènye ane sa yo. Richès yo pa pataje, piske se yon peyi ki chaje ak milyonè (dominiken kou etranje, tankou poutchis ak plizyè boujwa patripòch ayisyen).

Sa montre kouman eksplwatasyon an ap fè raj nan peyi sa a! Si Dominiken anba lamizè nan pwòp peyi pa yo, ap kouri kite malsite ak lamizè tout kalte, ki dire pou travayè ayisyen yo ki ap viv nan peyi sa a.
 

Nouvèl Okap

Omaj pou Jean Dominique

Nan Vil Okap, pou make disparisyon jounalis pwogresis Jan Dominik; anpil patriyòt te eksprime endiyasyon yo ak deklarasyon nan laprès kote yo rann omaj a viktim lan, epi denonse koalisyon makout, opozisyon 2 grenn gòch ak enperyalis meriken kòm lotè zak sasina sa a. Nan vandredi 6 avril yon gwoup jounalis te mete kanpe yon veye patriyotik sou plas Notre Dame vil Okap. Yon fason pou rann denye omaj a konfrè sa a, ke yo te konsidere kòm yon dwayen pou yo tout. Plizyè manm òganizasyon popilè te bay patisipasyon yo nan veye patriyotik sa a. Pou Moises Jean Charles, pòtpawòl MPM (Mouvman peyizan Milot): se gran papa peyizan yo fòs fè nwa yo asasinen la a. Nerva Innocent te pran lapawòl pou Komite Katye Mackandal kote li fè remake ke lit pèp la pap kanpe nan wout ak disparisyon Jean Dominik. Okontrè pèp la pa dwe bay legen nan batay la. Prad Jean Vernet yon manm Pati Popilè Nasyonal (PPN) te pran lapawòl tou pou di ke lè Fòs fè nwa yo wè pèp la dejwe koudeta elektoral la, yo retounen ak ofansiv ensekirite a san konte lòt presyon y ap fè sou gouvènman an. Animatè prensipal veye sa a, Jean Marie Despeignes te fè patisipan yo remake zak asasina Jean Dominik pote menm karaktè ak koudeta 30 septanm 91 la.

Se pou sa li te envite yo gade pwojeksyon film «Haiti: Killing the Dream». Veye patriyotik la te reyalize ak patisipasyon prèske 200 moun konsa, e patisipan yo te rete jiska 1 di maten. Anpil moun nan popilasyon an regrèt yo pa t gen chans patisipe nan aktivite sa a paske yo pa t rive okouran pwogram lan atan.

N ap siyale nan maten samdi 8 avril la, ki te jou fineray Jean Dominique la, plizyè pwen nan antre vil Okap te gen plizyè barikad ak dife. Lapolis te vin retire yo.
 
 

Konpayi HL ap fè wout

Depi kèk mwa, konpayi (HL) Herve Lerouge ap reyalize reyabilitasyon plizyè twonson wout vil Okap tankou: ri 2, Ri 5 AL, ri 8 ak ri 9 Baryè Boutèy elatriye. Malgre gen kèk kote ki koumanse bimen tankou ri 9 A-B ki penmèt sikilasyon machin fèt pi rapid nan zòn sa yo, Konpayi HL te genyen pou l reamenaje lòt bò pon pou rive aewopo Okap la. Daprè enjenyè Widner Napoleon responsab egzekisyon travay sa a, si pa gen lapli, pou rive dat 9 avril wout la ap deja fin rekonstri. Enjenyè a fè konnen se lannuit konpayi a oblije fè yon seri entèvansyon, yon fason pou l pa bloke trafik k ap fèt sou wout yo pandan lajounen. Abitan zòn lan, lot bò Pon koumanse rale yon souf. Yon lòt kote enjenyè Napoleon fè konnen; konpayi HL pa responsab mentnans wout sa a. Lòt pwoblèm ki make travay sa yo, se yon pwoblèm kanalizasyon. Konpayi HL pwomèt pou mete men nan kèk pwoblèm.
 

Nouvèl Latibonit

Lestè: Peyizan yo pap bay legen!

Plizyè òganizasyon popilè nan Lestè ki se pwòch Fanmi Lavalas te fè yon kokenn chenn manifestasyon nan jounen jedi 4 avril la. Manifestasyon an te genyen plizyè revandikasyon ladann: jistis ak reparasyon pou direktè radyo Ayiti Entè a Jean Leopold Dominique, ke fòs fè nwa yo asasinen. Manm OP yo konsidere krim sa a, kom yon krim politik. Genyen youn nan pòt pawòl OP sa yo, Beaubrun Arnel ki fè pati MOSOL (Mobilizasyon pou Sove Atibonit), ki fè konnen; Jean Dominique se pòtpawòl peyizan li te ye nan vale Artibonite lan, e manm OP yo fè konnen yo pap bay lennmi an legen. Y ap kontinye batay jouk mayi mi, e kontinye menm chemen ak Dominique jiskaske demokrasi a pran jarèt e yo mande pou arete tout fo demokrat ki gen men yo tranpe nan lanmo Jean Dominique.
 

Gonayiv: Anivèsè «Racing Football Club des Gonaïves»

Nan okazyon 36e anivèsè Racing Football Club des Gonaïves, yon mès te chante nan chapèl lopital Gonayiv la nan jounen jedi 6 avril la. Selebran prensipal la, pè Mackenzie Dessalines mande responsab yo pou bay jwè yo plis ankadreman e li te mande yon chanjman total kapital pou peyi Dayiti. Apre sa te genyen prezidan Racing lan, ki se enjenyè Erol St Pierre ki te fè yon rale sou sitiyasyon football la ann Ayiti. Anmenm tan li te bay fanatik Racing yo garanti ke l pral fè tout mwayen posib pou kapab penmèt Racing ranpòte laviktwa k ap vini an.

Haïti Progrès      |    ARCHIVES