Haïti Progrès
5 au 11 Avril  2000
Nan peyi Dayiti

Nouvèl kout Kreyòl

Divès reyaksyon sou lanmò Jean Dominique

Alaj 69 van, lendi 3 avril la, direktè, prezantatè radyo Ayiti a, Jean Léopold Dominique tonbe anba anviwon 6 bal, nan lakou estasyon radyo Ayiti Inter li t ap dirije a. Mouche ki te papa 4 pitit tonbe anba bal kriminèl nan lakou a. Li te vè 6zè 15 lan maten anviwon detan l fin desann machin li andedan radyo Ayiti Entè pou li al koumanse pwogram li. Asasen yo touye gadyen radyo a tou, Jean Claude Louissaint lè yo fini touye Jean Dominique.

Enfòmasyon ke nou aprann fè nou konnen ke youn lan bandi ki t ap suiv machin Dominique la koumanse pa fòse gadyen an kite li rantre lan lakou a, epi lè li fin tire jounalis la, anvan li sove li tire Jean-Claude Louissaint tou. Jean Dominique te al rann dènye souf li nan lopital Kominote Ayisyen sou wout Frè a.

Anpil deklarasyon te suiv apre lanmò sa a, e minis Lajistis la, nan sikonstans lan te deklare: «... Se senbòl la yo atake, donk gen yon kou kont demokrasi, gen yon kou kont demokrat yo, e m panse fòk tout demokrak reyaji nan peyi sa a. Nou menm, nou pral fè tout sa n kapab pou ankèt sa a nou twouve yon seri eleman...». Pou chèf pakè tribinal sivil la, Wilfrid Présent: «... M kwè gen kèk eleman n ap chache, donk ki ta ka pemèt nou mete aksyon piblik an mouvman». Minis sante piblik la, minis Michaëlle Amédé Gédéon te di: «M kapab di nou gen yon nasyon ki an dèy, paske yo anpeche youn nan meyè pòtpawòl li pran lapawòl..» Chèf Sant Ekimenik dwa moun lan, Jean Claude Bajeux, di: «Li mouri nan pye travay li, yon trè bèl lanmò, men vwa l pral kontinye... Asasina Jean Dominique lan pa ka pa politik...» Responsab Pati demokrat ayisyen (PADEMH) lan, Claire Lydie Parent ki t ap pale sou krim nan, mande kriminèl yo depoze zam yo. Bò kote pa l, MPSN Hubert de Ronceray a fè yon ti kriye rizyèz, pran pòz ap denonse vyolans e l estime malgre ti pwoblèm politik ak Jean Dominique, lanmò sa a se yon pèt pou nasyon an. Dirijan MOCHRENA yo envite dirijan peyi a pou asire reponsabilite yo. Dirijan youn nan branch MRN yo, René Théodore kondane: «... Ak tout fòs, zak asasinay sa a ki se yon menas pou lapawòl, yon menas pou libète lopinyon». Dènye jwèt nan lokazyon asasinay sa a, se deklarasyon Gérard Pierre-Charles la ki pa jwenn lòt bagay pou li di ke: «Yon zak konsa, ajoute yon nòt patikilyèman enkyetan nan monte vyolans lan, ensekirite a, e degradasyon sosyo politik la, sa k ap kondwi peyi a nan jesyon dezas pouvwa lavalas la...» Men eta Pierre--Charles ki pa jwenn anyen dòt pou li di lan yon sikonstans parey!

Men ala politisyen yo gen odas papa! Yo kite vrè sijè a ki se lanmò yon pwòch lavalas, pou yo fè pase pawòl politik yo kont lavalas, ti jwèt enterè mesken yo.

Omaj a Jean Dominique

Kilès k ap pote n sekou
Anba men vye lou
Ki ve pa sa chanje
Lè yo kraze Dominique pou l sispann pale
Fòs fè nwè touye yon gwo sèvo: Dominik
Jounalis vanyan chaje ak teknik
Ki te bay vi l pou demokrasi
Sa donnen nan peyi bò isi
Sa fè n sonje yon pakèt lòt
Ki tonbe devan prizon kriminèl
Krible ak bal ansasen,
Ti sousou abolotyo, san benyen

Fò w santi ou menm ou pran kou
Twòp fè nwè, limen lanp verite souple
Pou jounalis sispann tonbe san rete
Kote Richard Brisson? Mackenson Michel?
Jean Robert Cius! Charlot Jacquelin,?
Yon gason kouwè Dominik
Nan chan batay la kouwè Kapwa
Jn Claude Louissaint kourone rwa
Douvan baryè radyo Ayiti
Li pran lanmò l w!
Pèp la pa dwe bliye jou sa a
3 avril 2000

          Beauvoir Jn Rémy

USAID/IFES/KEP ap anfale peyi a!

Nan yon konferans pou laprès li bay lendi 3 avril 2000 la, secrete jeneral Pati popilè nasyonal (PPN) la, Benjamin Dupuy fikse pozisyon pati a sou sitiyasyon politik aktyèl peyi Dayiti e an patikilye eleksyon k gen pou fèt yo. Dirijan PPN lan mande pou ekzekitif la mete deyò rapò l te mande KEP la sou dewoulman pwosesis elektoral la, depi plizyè mwa ekzistans enstitisyon sa a, paske li ta swete ke «politik transparans lan vin fè aktyalite». Dupuy te pwofite manyen divès fay ki fè eleksyon pap ka reyalize anvan dat «majik» 12 jen an: «Jen 2000 ak novanm 2000, sa ba nou 5 mwa ki rete pou eleksyon prezidansyèl, KEP la enstale depi 24 mas 1999, sa fè plis pase 12 mwa, jen 2000 ap fè KEP la 15 mwa depi li sanse ap prepare eleksyon lejislativ e teritoryal... Keksyon n ap poze tèt nou, si apre 15 mwa, nou poko nan lejislativ, konbyen nou pral blije tann pou eleksyon prezidansyèl...». Pa la, secretè PPN lan ki pè pou peyi a pa tonbe nan yon sitiyasyon kote gen vid prezidansyèl, kidonk jwèt «opsyon zewo» a, mande yon sèl eleksyon swa an novanm oswa an desanm. «Li matematikman enposib pou nou fè 2 eleksyon nòmalman, paske ak magouy ki fèt nan KEP la ke yo menm yo rekonnèt, ke se sou presyon etranje, ke yo ap vin ak yon seri dat, gen yon seri chif ke y ap bay konben moun ki anrejistre, yo menm yo pa konn konbyen moun ki anrejistre, yo pa ka konnen, paske yo pa menm konn ki Biwo enskripsyon (BI), yo pa menm konn moun ki ap travay nan BI yo, donk mwen pa wè kijan yo gen done yo. Ekspè yo di sa ap pran 2 mwa anvan yo ta wè klè nan travay KEP la ap fè, sa ap mete nou an jen, ap rete sèlman 5 mwa pou òganize eleksyon prezidansyèl, donk mwen panse, moun ki ensiste ap pete tèt yo e si Premye minis Alexis kontinye ap chante pou fè plezi a komimote entènasyonal la ke yo ap eseye fè 2 eleksyon, mwen panse se yon bagay ki konplètman enposib matematikman. Si nou pa vle rive nan yon vakans prezidansyèl ki ka foure n nan yon gwo tchouboum» ke yon sèl eleksyon fèt byen!

Sekretè jeneral Pati popilè nasyonal la te pwofite denonse prezans IFES nan peyi a, ke l jije k ap mete blokaj sou wout pwosesis elektoral la, atravè enjerans e pati pri ONG sa a: «... Ki moun ki siyen kontra, ki foure IFES nan zafè eleksyon?...», se keksyon fondamantal e moun pa ka konprann kouman yon ONG ki sot aletranje fè gen tout dwa sa a nan eleksyon peyi a, ki ta dwe konsènen ayisyen. Vin jwenn IFES arive ap siyen kontra pou fabrike kat elektoral ak foto ak yon lòt ONG kanadyen, pou zafè eleksyon peyi Dayiti. Sou keksyon anbasadè, diplomat k ap lonje bouch men longè tout lasent jounen nan zafè peyi a, dirijan PPN lan te kritike gouvènman an ki pa janm pran okenn mezi kont moun sa yo, e menm deklare yo «persona non grata». Sekretè jeneral PPN lan pat bliye ranmase kèk politisyen opòtinis, san peyi kouwè Sauveur Pierre Etienne, Gérard Pierre-Charles nan OPL ak Reynold Georegs nan MPSN ki antre lan vye lojik meriken k ap di tout lasent jounen ke Ayiti se yon menas nan zafè trafik dwòg, swa 15% dwòg pase ann Ayiti, yon manyè pou montre ke peyi sa a reprezante yon danje pou Repiblik Dominikèn e fòse dènye peyi sa a, anvayi Ayiti.

Konsènan asasina Jean Dominique ki fèt nan menm maten lendi 3 avril 2000 la, li deklare: «... Asasina Jean Dominique la, li klè kou yon dlo kòk se yon asasina politik, ke se yon asasina fòs fè nwa yo, se yon avètisman». Dirijan PPN lan te site ekzanp dosye ansyen e defen jeneral Claude Raymond ke Jean Dominique te mete deyò pou fè wè se sida prizonye a te genyen anvan li mouri a. Men moun konnen defen jounalis prezantatè a te panche sou divès lòt dosye, kouwè konbin bann Nadal ak Boulos yo, sou Chanmas 28 me 1999 la, dosye konfli tè divès kote, kouwè Pyat, Katye Moren, nan zafè INARA, nan zafè magouy KEP ak CNOE Berlanger a, pou n site ke sa yo.

PPN kanpe fè m sou pozisyon pati l la nan zafè eleksyon, ki se òganizasyon yon sèl eleksyon lib e onèt, jis pou bare lawout ak tout «koudeta elektoral», KEP la, IFES, USAID, vle fè nan enterè Espas konsètasyon an. E responsab PPN lan pa deside bliye politik sal «opsyon zewo» MPSN ak OPL ki vle lage peyi a nan yon katchouboumbe!

Haïti Progrès      |    ARCHIVES